Pawòl Kanaval: Barikad la Kanpe Tòf

Nou pwal atake  twazyèm dimanch avan jou kanaval yo, anbyans Dj pwal pran yon lòt vitès. Pifò gwo djaz lage kanaval yo, nap rete tann  T-vice ak Kreyòl la ki ka pa lwen pou lage. Nan tout dènye Mizik Kanaval sa yo li te difisil pou mwen jwenn youn ki soti  nan lo a, men Barikad Crew lage Tòf la.

Barikad Crew fè yon tèks ki gen sans sou yon mizik antrenan.

Pou kòmanse li pale de  jan pou nou travay pou bliye nou et entro a fini ak : Pa bliye Istwan se Idantiten :

Yo devlope sijè tòf  la ak yon premye pati sosyal, yo pale kanpe tòf pou nou fè valè Peyi a, valè ero nou tankou wa Kristof. Yon dezyèm pati yo pale de Barikad  ki kanpe tòf e pare pou beton an.

 Yo gen yon ti pawòl Rockfam ki di  « apaw fwete tètaw »  ( Kanaval Rockfam nan rele «kale yo»).

 Tout pawòl sa yo sou yon Bèl Bit, kote Mizik la respire e  koral yo antrenan, Pawòl rapè yo klè et chita byen sou Bit la. Kanaval la Tòf.