Maroulé – Carole Desmesmin

Lannuit la klè kou la jounen
Solèy bay lalin nan legen
Gen yon bwouya kape monte
Tankou on Konton mwat k’ap flote
Tanzantan yon Frize kwipe

Malgre se pa lè moun mache
Sou gran chimen ou ka tande
On kolonn bèf kape pase
Ak yon fwèt kach kape klake
Chak ti moman yon vwa chante:

“M’ a roule-e, M’ a roule m’ a rive (bis)”

Moun ki te nan lakou,
Kour’antre fè men pèt
Yo kwè se lougawou
Yo kwè se galipòt

Poutan s’ on mawoule…
Yon mawoule k’ ape pase.

Soti Okay pou rive nan AMCO,
Ak detwa bèf ki sèch tankou taso,
Konbyen pas dlo…konbyen mòn pou w janbe?
Konbyen savann, anvan pou ou rive?

Di m’ sa wap fè si dlo momans desann.
Konbyen jounen, konbyen nuit pou ou tann?
Si gen vòlè ki vle eskalade w
bèf pa pou ou, kijan wa degaje w?

” M’ a roule-e, M’ a roule m’ ap pase (bis)”

Se yon leson mawoule a ban nou
Nenpòt baryè ou jwenn sou chimen ou
Kenbe espwa, pa janm sispann mache
Pa janm bliye kote ou vle rive.

Zepòl mwen la, apiye si ou bezwen
Men di mwen tou w’a fè menm jan pou mwen
Ede m’ gade m’a ede ou chèche:
Fò n’ jwenn kan menm chimen pou nou pase.

” N’ a roule-e, N’ a roule m’ a rive (bis)”

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.