Pawòl Kanaval : Zatrap pran Liy la, Blokaj pa vle Lobey

Se tradisyon an apre fèt lèwa 6 janvye se kanaval, kèk Djazz lage Kanaval bonè jou ki 7 janvye a.

Yon gwoup ki atire atansyon nou se Zatrap, apre yon bèl mizik kanaval nan ane 2012 la “moun pa”, “Pran liy” se konsa kanaval 2013 Zatrap la rele, e se yon bon Bagay anko ke group sa ba nou. Se yon mizik ki gen anpil enèji kap degaje avèk yon teks sosyal. Anpil moun gentan renmen « Pran liy »

Yon lot gwoup jwenn apresyasyon nou, se Blokaj. Mizik Kanaval li a “Twòp Lobèy”. Yon moun kap tande Rap Ayisyen kapab wè ke se yon Mizik kote pwent voye sou yon gwoup rap ki rele Team Lobey, men yo pa depase limit la. Mizik sa se yon ekzanp pou Djazz ki fè Polemik nan Mizik. Yon bon teks sou yon bon mizik

Ou kapab jwenn lòt Mizik kanaval yo nan lyen sa Playlist Kanaval 2013

Voye Kanaval ou sou tipiti nan email sa : kanaval2013@tipiti.biz