Pawòl Kanaval : Boukman Ak Vwadèzil… Bon Bagay!

Li konfime  ane sa, defile kanaval la ap fèt nan vil Cap Haïtien sou tèm  Nasyonal « Yon Ayisyenyon pye bwa, ann pote kole ». Lansman ofisyèl Kanaval la te fèt nan vil Cristophe la dimanch 13 janvye  ki sot pase a.  Pòtoprens  li menm pat frèt, Cha DJ yo te pran lari pou mete anbyans pou premye dimanch ki anonse kanaval la.

Semèn pase a  nou te pale de  gwoup Zatrap ak Blokaj  ki atire atansyon nou a pati de Mizik kanaval yo. Lòt gwoup vin ajoute sou lis la, nou pap pale ou de tout, map pito envitew tande mizik sa yo nan lyen ki anba teks la.

Map di yon ti mo sou 2 gwoup : Boukman Experyans ak Vwadèzil

Boukman eksperyans ane sa prezante nou piout piout. Menm si ritm la pa chofe  nou jwenn yon Kanaval  ak yon gwo nivo mizikal. Li sanble gen yon avantaj ke anpil enstriman anrejistre live ( se pa jis yon Dj kap Bay bon Beat). Yon gita ak yon piyano ap jwe yon tekno pandan pèkisyon yo soutni Mizik la ak yon rasin tradisyonèl.  Boukman ki toujou jwenn benediksyon pifò moun, toujou ap fè lòt pwopozisyon mizikal. Pa gen anpil nou ka di sou teks la se yon teks sosyal ak anpil pawòl an daki.

Bravo Boukman…

 

King rabòday se konsa Vwadèzil rele tèt li, menm si gen yon diskisyon sou kisa ki rabòday la, men pèson paka di ke Vwadèzil pa youn nan pi gwo moso nan kanaval pandan preske 5 an. li rete toujou pou li pwouvel sou pakou kanaval la. Dwadelòm se tit Mizik kanaval 2013 Vwadèzil la. Ane sa ankò gwoup la banou yon bon mizik ki gen anpil ritm. Piyano a prezan anpil sa ki bal yon resanblans ak gwoup konpa Mizik Mizik. Kote teks, Vwadèzil  ba nou anpil pawòl doub sans pou moun yo defoule yo nan pakou kanaval la, avèk Vwadèzil ou ka danse, ri et panse yon ti kras ak problèm sosyal yo.

 

Playlist pou tande lòt kanaval 2013 yo