Timoun ki pwal lekòl
Pata dwe ap janbe kadav
Si’n pa kole zepòl
Jou an jou sa va pi grav
Si tout moun ret bouch b
Tren malè saa pwal kite ray
Gren n pa gren n nap tonbe
Pap gen moun nan lakou lakay
Mwen santi’m bouke wè san
Kap koule nan tout kanal
Toupatou se inosan
Kap tonbe sa pa nòmal
Si’n pa tanmen poze aksyon
Sin pa fè yon revolisyon
Nou pap ka jwen chanjman
Yon revolisyon san baton
San vyolans san emosyon
Yon veritab mouvman
Li lè li tan
Pou’n sispan’n viv zak vyolans
Fòk nou fon’w jan,
Pou frennen l’ entolerans
Li lè li tan
Pou’n deside viv yon lòt jan
Wi fòk nou fon’n jan
Pou’n jwen trankilite’n tout bon
Chak katouch ki tire
Nam’m timoun yo vole
Yo pran kriye
Granmoun yap priye
Se jou yap konte
Pou yo sove
Yo di…
Nou bouke (4 fois)
Bridge
Jodi a gen dwa se ou
Ki gen yon zam nan men’w
Demen gen dwa se ou tou
Ki genyen’l anba nen’w
Lè sa… a wap di
Nou bouke (4 fois)
Album Reférence (BélO), 2008
Soyez le premier à commenter