Pèpè Yè – Boukman Eksperyans [Kanaval 2015]

Rele ginen yo, n’angaje

N’ap mande kot lwa yo ye

Jezu, o Jezu o
Jezu Jezu, wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do a mwen
Jezu , o Jezu o, Jezu, o Jezu o,
Wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do mwen
Wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do mwen
Ban mwen kouray o
Retire ponya nan do mwen

Jezu, o Jezu, wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do a mwen souple
Jezu, o Jezu o, Jezu, o Jezu o,
Wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do mwen
Wa ban mwen fòs
Retire ponya nan do mwen
Ban mwen kouray
Retire ponya nan do mwen

Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Genyen k’ nan eleksyon pou l tete manmèl o
Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Ôte-toi que je m’y mette pou y’al tete manmèl o
Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Y’ap fè politik pou yo tete manmèl o
Ti pèp la di: “Sispann souse manmèl!”

Leta pèpè
Kandida pèpè
Jezu pèpè
Pastè pèpè (Gade yo)
Ougan pèpè
Monpè pèpè
Yo pèpèyè

Woy
Ayayay…hmmm
Woy

Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Gade chire pit pou yo tete manmèl o
Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Yo bezwen pouvwa pou y’al tete manmèl o
Genyen k’ pare pou yo souse manmèl
Pale de Jezu Kris, y’ap souse manmèl o
Ti pèp la di: “Sispann souse manmèl!”

Pèpè rabi
Pèpè chire (An han)
Pèpè depaman (Manman)
Pèpè chifonnen
Pèpè merilan
Pèpè depachi

Woy
Anyen pa di w anyen
Woy
Mechan, en hen, ou ta renmen kay la kraze pou pran blòk
Men blòk

Ôte-toi de là que je m’y mette
J’étais là avant

Anasi, Anasi ou pa onèt o
Gad jan w’ap kraze kay la
Anasi, Anasi ou san konsyans o
Gad jan w’ap kraze kay la
Ou dòmi, ou manje ou bwè dlo
Epi w’ap kraze kay la (Mechan)

Jandam arete w, n’ap fè jandam arete w
Y’ap fè, jandam arete w, n’ap fè jandam arete w

Ban n kay la anye,
An verite nou la anye
Ginen yo pran devan anye
An verite nou la anye o

Anasi, Anasi ou pa onèt o
Gad jan w’ap kraze kay la
Anasi, Anasi ou san konsyans o (Gade, an han)
Gad jan w’ap kraze kay la
Ou dòmi, ou manje ou bwè dlo
Epi w’ap kraze kay la

Jandam arete w, n’ap fè jandam arete w
Si w pa ret an repo
Jandam arete w, n’ap fè jandam arete w

Ban n kay la anye,
An verite nou la anye
Ginen yo pran devan anye
An verite nou la anye o

Jandam arete w, n’ap fè jandam arete w
Si w pa ret an repo
Jandam arete w, n’ap fè jandam arete w

 

Pawol: Mimerose Beaubrun & Théodore Beaubrun Jr.

Les commentaires sont fermés.