Femme de mes rêves – Toxic

ToxicLavi m te fin planifye
Gradue inivèsite
Lajan diaman m posede
Tout bagay te sanble ok

Jodi a m reyalize
Mwatye kè mwen fòk mwen twouve l
Pou tout richès map rekòlte
Pa gen pesènn pou pataje

Lè m rete
San li mwen reyalize
Solitid fin anvayi kè mwen
Lè m rete
Prezans li se
Yon nesesite pou mwen
Lè m rete
…tristès anvayi lavi mwen
Lè m rete m di tèt mwen

Mwen pap enpasyante
Mwen konnen l ekziste
M pare pou m vwayaje
Travèse lemondantye
Menm si se an Afrik li ye
Nou pa bezwen sot menm kote
Depi li se:
La femme de mes rêves

Lè map imajine l
Mwen beauté, spiritualité
Pèsonalite ki vin motive m
Pratike fidelite
Marye aprann viv a 2
Jwenn yon konfidan pou m pale
Yon zepòl poum apiye

Reprise mini chorus

Lè m rete
Ekzistans mwen pa fè sans

reprise Chorus

Mwen konnen l’ekziste
Mwen pare…
Pou m ale chache l nenpòt kote li ye
Mwen konnen…
Pou m vwayaje menm si

Menm si se
Pou mwen ka we l fò mal la citadelle
Pou li map fè l
Menm si se

Poum jwenn ave l anwo la tour eiffel
Mwen ka menm pouse zel

Menm si se

Pou mwen naje travèse gran rivye
Poum pa dekouraje rete tann li rive
Refren sa m a chante:

Mwen konnen…

Chorus

 

Les commentaires sont fermés.