Deyò A – BIC

BIC - Deyo a[Intro]

Yeah

[Vès]
Deyò a chaje zenglen moso boutèy, bwat jina, papye chiko, reyon bekan, grès machin
Deyò a pa bèl
Deyò a se fatra k ap boule, klaksòn bogota chandesperans tonbe retay
Deyò a pa bèl
Fil wo prèske bobo ak fèy tòl, n ap bay lavi bwa mitan l ap ba nou fil mòl
Deyò a pòtre yon tonbo blanchi, chak Ayisyen se yon kòk mò k ap koutize lavi
Aleken sou pil fatra, ti bebe nan tou rego, machann pran plas machin
Deyò a pa bèl
Medikaman nan lari, kopi cd nan laye, dwa dotè se bèl franse
Deyò a pa bèl

[Kè]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye twou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

[Vès]
Deyò a
Jenès nou an pa gen fòmasyon – Deyò a
Lekòl nou yo pa gen direksyon – Deyò a
Chak grenn Ayisyen k ka ekri non yo oblije pati pouf è blanmannan chanje non yo – Deyò a
Pa gen fyète ankò – Deyò a
Nou tounen tèt san kò – Deyò a
Dlo pa moute mòn, men tout mòn yo degrenngole y al nan dlo – Deyò a
Ti blòdè deside bon sou ou- Deyò a
Raketè chaje pawòl pou ou – Deyò a
Lè w bay lamen sonje konte dwèt ou, nan chante gratis atis ou ka pèdi lalwèt ou – Deyò a
Gouvènman ak opozysyon sou de ran – Deyò a
Pandan timoun ap mande pou ka pran swen paran – Deyò a
Labib di nou Moise te echwe men jodya nou gen Ayisyen ki abite Kanaan – Deyò a
Tout moun ap bwase tout moun sou mato – Deyò a
Tout moun ap chache yon moso gato – Deyò a
Deyò a se pye sou kou grenn kraze, deyò a se rati braze – Deyò a
Anba poto limyè gen elèv – Deyò a
Anba poto limyè gen brasè – Deyò a
Deyò a se pi gwo pi gra – Deyò a
Menm jou dimanch se madigra

[Kè]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye twou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

Deyò a
Se dilatasyon se dilatwa – deyò a
Se chimen ki mennen labatwa – deyò a
Se kòdonye k ap prepare machin – deyò a
Se mekanisyen k ap fè bèf chenn – deyò a
Se rasta k ap danse tèt kale – deyò a
Se tèt kale k ap met perik rasta – deyò a
Se polisye ki pa kontan – deyò a
Se bandi k ap fè lapli e le bon temps
Se pwofesè k ap mande meyè tretman, malad lopital yo kap mande medikaman
Se kokorat k ap mande pou entegre
Se pastè legliz k ap montre n gwo degre – deyò a
Se Ayisyen k ap pran refi – deyò a
Se jèn gason k ap tounen fi – deyò a
Se Dominiken k ap vann nou ze – deyò a
Se perles des Antilles k ap betize – deyò a

Ou menm ki di deyò a pa gen anyen, Di m sa w wè

[Outro]
Deyò a (5x)

Les commentaires sont fermés.