Mesi Lavi – Emeline Michel

Emeline MichelM’bare soley la kap benyen

Yon kanaval koule mélange
Mwen di mesi pou de gren’n je’m
Pou ke’m ki nan mitan ko’m
Ki pap janm bouke renmen

Mesi pou men’m ki karese
Tout moun lanmou mennen lan vi’m
Mesi pou se’m, manman’m, zanmi’m
Ki la ki kanpe kote’m
Pou kore’m lo’m pral tonbe

On jou mwen ri, on jou m’kriye
Konsa lavi’m ap deploye
Genyen rezon pou’m ta plenyen
Men pito’m konte tout sa’m genyen

Defwa’m lite m’degrengole
Men le’m tonbe m’toujou leve
Sou de pye mwen ki pote mwen
Kote tout sous dlo yo ap koule

Mesi pou vwa’m ki kap pale
Tou sa nan’m mwen pa ka sere
Pou zorey mwen ki ka tande
Yon fre’m ki bezwen pale
Lo problem yo vle pote’l

Mesi pou moun ki pa jije’m
Ban mwen lanmou le yo kwaze’m
Toujou vini pou yon bravo
La lo’m pedi adres mwen
Lo van yo ap pliye’m

On jou mwen ri, on jou m’kriye
Konsa lavi’m ap deploye
Genyen rezon pou’m ta plenyen
Men pito’m konte tout sa’m genyen
Defwa’m lite m’degrengole
Men lo’m tonbe m’toujou leve
Sou de pye mwen ki pote mwen
Kote tout sous dlo yo ap koule

Mesi, mesi, mesi lavi(6x)
De pye’m, de men’m, de je’m, de zorey mwen
mesi lavi
Mesi, mesi, mesi lavi(4x)

 

Les commentaires sont fermés.