Karma – Toxic

Toxic[Intro]
Toxic
Men yon lòt anko

[Verse]
Nou pot manje sou tab «Lucifer» nan Lanfè
Pi gwo fado ke “l’homme” ak “la femme” janm trennen
Lè nou fè youn soufri pou yon moman dezi
Nou pwovoke trajedi

[Verse]
Epizòd sa a nan « vie » chak kretyen pa gen fen
S’on mache, nou tout vin twoke yon bon pou yon byen
Nou depanse jodi san panse pou demen
Menm “pain quotidien” nou

[Refrain]
Wi zanmi m’ ou ka chwazi yon tèl vi
Pa sezi lè lavi ou tounen yon lak manti
Gen sansasyon nan fè youn lòt desepsyon
Men sa w simen se li wa wè
An verite li wa va wè
Se li wa wè

[Verse]
Isiba sou latè mwen chèche poutan m’ pa jwenn sen
Tout zanj vin zonbi
Bouch yo fè dlo douvan sèl lachè
Vanite rann yo fou, pwomennen nan tout twou
Eske n’ pèdi wout syèl nou?

[Refrain]
Wi zanmi m’ ou ka chwazi yon tèl vi
Lè w fè li “Karma” toujou kenbe pwomès li
Trayizon bay kokennchenn satisfaksyon
Wi sa ou simen, se li wa wè
An verite li wa va wè
Se li wa a wè

[Bridge]
Pou yon “bout de superficiel,” mou sakrifye l’essentiel: Lanmou
Lanmou, lanmou…
Toxic
Si gen pou genyen, pou pedi…al di yo
Apa w pa ale

[Chorus/Outro]
Ou ka chwazi
“Karma” kenbe pwomès li

 

Les commentaires sont fermés.