Zatrap nan K…

Se ofisyèl, Zatrap ap fè kanaval pou lane 2018 la. Apre anpil rimè, kè sote ak malantandi sou posiblite pou gwoup k ap fè « Rap-dansant » an fè kanaval pou ane sila, mesye yo anonse « Resèt » kòm tit kanaval. Te gen anpil kè sote sou avni ak patisyon gwoup la nan kanaval ane sa. Rimè yo sanble ta fonde sou kèk malèz ki ta genyen nan gwoup la epi sou move entèpretasyon kèk tweet ak post Manadjè gwoup la Patrick Amazan te fè plizyè jou avan sa sou rezo sosyo yo.

« Resèt » pa sanble twò lwen liy ideyolojik ak chwa atistik Zatrap depi « Pran liy » an 2011. Yon afich gwoup la poste sou paj facebook yo montre 4 manm gwoup la ak yon kaye resèt epi kèk biyè nan fon afich la. Poukisa se 4 moun ki sou afich la ? Kontakte sou kesyon sa, manadjè a anonse se 4 rapè k ap sou kanaval paske gen de (2) nan rapè yo ki pa nan peyi a.

Ta sanble tout sispenns fini sou mereng 2018 Zatrap la. Rete pou konnen si fanatik yo ap gen chans danse gwoup la sou pakou kanaval la ki prevwa pou 11, 12 ak 13 fevriye anba tèm : « Ayiti sou wout chanjman ».

Les commentaires sont fermés.