TKSK: SA Pòmdetè ka fè pou ou

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kuizin, famasi lakay ».

Men se premye jou, premye samdi nan ane 2022 a. Se jou pou nou swete youn lòt, kòm dabitid, Anpil lasante pou ane ya se jou pou fè soup jòmou pase se jou sa-a nou fete ke Ayiti vín granmoun tèt li.

Nan ane 2021 yan, li ta menm sanble nou mande UNESCO pou bay Soup jòmou a grad ! Mwen ta byen renmen fè yon ti rale sou chak bagay mwen fèk pase bale sou yo la pou etire pousyè. Men mwen pa kwè sa t’ap bon pou sante nou; alòs mwen prefere fè sam fè chak samdi: ba nou konsèy ki ap bon pou sante nou de preferans.

Banm pale de sa Pòmdetè ka fè pou ou

Si ou ta gen yon tèt fè mal k’ap boulvèse ou, koupe pòmdetè yo an tranch epi mare yo sou fwon an pou diminye tèt fè mal.

Si ou ta genyen parodontit manje pòmdetè ak po yo. Se fliyò (fluor) ki nan pòmdetè a ki pral pwoteje dan-an kont kari ak parodontit la.

Si ou ta genyen asid lestomak, fè yon twou nan yon gwo pòmdetè epi vide siwo myèl nan twou a. Kite myèl la masere landan l’ pou 12 èdtan, apresa bwè melanj sa-a anvan manje le maten. Adopte tretman sa a pou 3 semèn pou ou ka gen yon rezilta satisfezan.

Bon samdi, epi yon bòn ane 2022 ankò

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.