TKSK: ESKE ou ka manje ze lè ou fè kolestewòl?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch, jou lejann ou byen verite.

Eske ou konn tande ke lè ou fè kolestewòl ou pa ta dwe manje ze ? » Eske bagay sa a se laverite tout bon ?

Menm si jòn ze gen kolesteròl ladan vre, sa pa nesesè pou siprime ze nan alimantasyon ou, paske ou gen yon to kolesteròl ki wo nan san ou. Sa fè plis sans pou veye ki kalite grès wap konsome ke pou bay tèt ou pwoblèm sou ki aliman ki gen kolesteròl ladan. Li enpòtan pou kenbe nan kanpe lwen sa yo rele « gras trans » lan epi redui otan ke ou kapab « gras satures »

An menm tan nou ta ankouraje ou anpil pou sèvi ak manje ki genyen « gras insaturés » ke ou ka jwenn nan legim, nwa, zaboka, pwason, elatriye.

Anplis li ta trè bon lè ou gen to kolesteròl ki wo pou manje plis fib solib ke ou ka jwenn nan grenn len, avwan, orj e latriye. Pou fè espò pou pèdi pwa, si ou ta genyen pwa ki depase limit.

An konklizyon yon moun ki fè kolestewòl ka pran alèz 2 a 3 ze pa semenn san sa pa deranje (sòf si ou fè hypercholesterolimie pase lè sa-a ou pi sansib toujou, Si ou gen ti dout mande dòktèw si ou nan kategori saa)

Fè kouw konnen pou pase yon bon 2 janvye epi yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Les commentaires sont fermés.