TKSK: 3 preparasyon POU ranplase sèl, POU MOUN KI FÈ TANSYON.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nou sonje ke jodi a se jedi tansyon. Semenn dènyè mwen te pwomèt m’ap bay moun ki fè tansyon 3 preparasyon ki ka ranplase sèl ke nou abitye mete sou tab la. Ou ap ka menm mete l’ nan salyè-a, konsa tout moun ap sèvi avè l’.

Preparasyon 1
• 1 kiyè kafe bazilik seche
• 1 kiyè kafe pwav
• 1/2 kiyè kafe paprika
• 1 kiyè kafe pèsi seche
• 1 kiyè kafe poud zonyon
• 1/2 kiyè kafe poud lay

Preparasyon 2
• 1 kiyè pou soup poud zonyon
• 1 kiyè kafe moutad seche
• 1 kiyè pou soup bazilik seche
• 1 kiyè kafe paprika
• 1/2 kiyè kafe asezònman chili

Preparasyon 3 (asezònman pou vyann pou moun ki fè tansyon)
• 2 kiyè pou soup poud zonyon
• 2 kiyè kafe origan seche
• 1 kiyè kafe ten seche
• 1 kiyè kafe poud lay

Mwen espere konsèy jodi-a te fè ou wè ke se pa paske ou fè tansyon ou dwe manje mal ou byen ke manje ou ta dwe manje pa gen bon gou.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.