TKSK: Sitwon pou geri mak akne ak pou blanchi dan

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kuizin, famasi lakay » Jodi ya m’ap pale de sitwon.

Mwen si ou konnen yon pakèt bagay ou ka fè avèk sitwon kòm remèd. Men eske ou te konnen sitwon bon pou geri rid akne avèk pou gen dan blanch?

Pou retire mak akne: fwote mak la ak ji sitwon epi kite li san siye pandan 20 minit. Repete tretman an chak jou jouk ou pa wè rid yo ankò.

Pou blanchi dan ou ak sitwon : Mete bonkou sèl fen sou yon zès sitwon epi fwote dan ou byen fwote. Se yon fason ki ekonomik pou blanchi dan ou yo, ki trè efikas.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Photo couverture: queenmafa

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.