TKSK: ESKE MOUN KI FIMEN BEZWEN PLIS VITAMIN C?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch, jou lejann ou byen verite.

Eske ou konn tande ke Si ou fimen ou bezwen plis vitamin C ke yon moun ki pa fimen ? »

Eske bagay sa a se laverite tout bon ?

Nikotin ki genyen nan sigarèt la fan fwa yon bon pati nan vitamin C ou konsome. Se pou rezon sa a yo konseye moun ki fimen pou yo ogmante konsomasyon vitamin C yo pou omwen 35 mg pa jou pa rapò a yon lòt moun ki pa ta gen abitid fimen. (sa ta vle di manje yon zoranj anplis pa jou)

Kidonk se vre si ou fimen fòk ou pran plis vitamin C

An pasan men sa ki rekòmande pou kouvri bezwen pa jouw nan zafè viatmin C
• Si ou se yon fi ki pa fimen 75 mg pa jou
• Si ou se yon fi ki fimen 110 mg pa jou
• Si ou se yon gason ki pa fimen 90 mg pa jou
• Si ou se yon gason ki fimen 125 mg pa jou

Fè kouw konnen pou pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: santeplusmag

Les commentaires sont fermés.