TKSK: «Acides gras saturés»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodi a se « ACIDES GRAS SATURES » ! Lè ou tande ekspresyon « Acides gras saturés » sa a, kisa ki vini tou suit nan imajinasyon ou ?

Yon asid gra satire (AGS) se yon asid gra ki gen atòm kabòn li konplètman satire ak idwojèn. Chak kabòn chaje ak maksimòm idwojèn posib. Nou pa ka ajoute idwojèn nan molekil la: li satire!

Asid gra satire yo se sitou nan bèt ou jwenn yo. Yo sitou jwenn li nan bè, krèm frèch, fwomaj, grès kochon oswa bekonn, eksepte sa yo ki soti nan pwason.

Yo jwenn yo tou nan sèten lwil vejetal (lwil palmis, pa egzanp) ak nan manje ki fèt ak sous sa yo tankou patisri, chakitri oswa pwodui letye gra.

Grès sa yo gen tandans vin solid nan tanperati nòmal. Luil kokoye, luil palmis ak bè kakawo se asid gra satire ki soti nan plant.

Asid gra satire yo gen tandans ankouraje depo kolestewòl nan atè yo epi ogmante risk pou maladi kadyovaskilè. Se pousa wap tande yo pale tèlman sou asid gra satire. Epi yo rekòmande pou met nan alimantasyon ou « ACIDES GRAS INSATURÉS » ki se le kontrè. N’a pale sou sa yon lòt lè.

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto kouvèti: anaca3

Les commentaires sont fermés.