TKSK: Sèvi ak yon «trépied»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Depi kèk madi deja nou ap pran tipriz pa tipriz konsèy sou kijan pou fè foto manje pou ka byen pase.

Premye jan ou apresye yon manje se avèk je ou. Si ou pa devan manje a, fè foto se meyè jan pou pèmèt apresyasyon sa a e se teknik pou byen fè sa ou ap jwenn nan madi foto kilinè a.

5 – Sèvi ak yon « trépied »

Yon fwa ou fi n vire nan tout sans arebò plat ou a, pou te byen jwenn pi bon pozisyon pou tire potrè a, li enpòtan ke ou sèvi ak yon trepye pou foto.

Pou kisa ? E byen se paske, sa ap rive souvan ke ou pral fè foto nan limyè natirèl epi andedan. Sa vle di menm si ou wè manje a klè lè ou fè foto a li ka yon tijan « sombre ». Kounye a moun ki maton nan zafè fè foto te ka di m’ ou ap itilize yon gwo ouvèti pou konpanse mank limyè ya.

Men si ou bezwen relyèf nan foto ou a, ou ap bezwen yon minimòm « profondeur de champs », sa vle di ak yon dyafram fèmen o minimòm, ou riske gen yon tan ekspozisyon ki long, si ou pa sèvi ak yon trepye, foto a ap flou, sa yo rele nan langaj teknik « flou de bougé ».

Se poutèt sa itilize yon trépied esansyèl, lè sa a ou ap gen bon jan kalite a ak « netteté » nan imaj ou.

Avantaj nan itilize « trépied » a se ke ou p’ap bezwen enkyete ou sou zafè vitès obtirasyon. Men si sa pran yon ti tan, sa pap deranje foto a. Pa bliye sèvi ak yon lòt akseswa enpòtan ki se yon deklanchè fleksib ou byen yon deklanchè a distans pou anpeche ke lè ou ap peze bouton pou fè foto a vibrasyon men ou pa fè foto a flou.

Gen moun ki gentan wè ke foto ke m’ ap pale la yo se ak aparèy foto pwofesyonèl ou fè yo. Pase se sou yo ou jwen plis reglaj. Men deplizanplis telefòn dènye modèl yo pèmèt ou gen anpil reglaj nan fè foto. Li liv li a byen, ale sou entènèt gade diferan reglaj posib yo. Prensip debaz mwen ba ou yo la toujou rete menm.

Randevou kase pou semenn pwochenn pou lòt konsey sou kijan pou fè foto manje

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: heek

Les commentaires sont fermés.