TKSK: ogmante konsomasyon POTASYÒM OU

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nou sonje ke jodi ya se jedi tansyon. Semenn pase yo mwen tap di nou diminye konsomasyon sèl nou. Jodi ya mwen pwal pi lwen, m’ap konseye moun ki fè tansyon pou ogmante konsomasyon potasyòm yo pou konbat ipètansyon an.

Pouki pou ogmante konsomasyon ou nan manje ki rich ak potasyòm ?

Yon rejim alimantè ki rich nan potasyòm ak ba nan sodyòm se sa nou bezwen pou kontwole tansyon. Dapre yon seri etid ki fèt pa gen twò lontan, lè yo ogmante konsomasyon potasyòm yon moun ki fè tansyon, li gen menm efè ke lè ou diminye konsomasyon sodyòm li. (Se kòm si 2 minewo sa yo youn ekilibre lòt). Potasyòm anfèt gen pouvwa redui tansyon wo, sitou lè konsomasyon twòp sodyòm (sèl) se ta kòz prensipal tansyon wo a.

Pifò vejetal yo se bon sous potasyòm. Se poutèt sa li enpòtan pou konsome fwi ak legim chak jou, osi byen ke nwa ak legum chak semèn.

Granmoun yo ta dwe konsome 4700 mg potasyòm pa jou.

Si ou soufri maladi ren kwonik oswa ensifizans kè grav, ou ta dwe konsilte doktè ou anvan ou rantre nan yon rejim ki gen anpil potasyòm.

Mwen espere konsèy jodi te aprann ou kèk bagay nouvo. Randevou kase pou jedi pwochen pou kèk lòt konsèy pou moun ki fè tansyon.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto kouvèti: fruitsetlegumeschezjose

2 Comments

  1. Marie Lourdes Dupervil
    13 janvier 2022
    Reply

    Enteresan! Men, Mwen pokô konprann sa nou clé fè ya vrèman! Fôk ta gen plis esplikasyon! Mèsi!

  2. 14 janvier 2022
    Reply

    Lide a se bay teknik ak konsèy sou kijan ou ka jere ipètansyon nan fason ou ap manje. Se yon tèm nou pale sou li chak jedi nan ribrik ki rele TKSK (Ti konsèy sou kuizin.)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.