TKSK: Kouman pou kuit pòmdetè menm jan ak nan «gwo restoran yo»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Kesyon teknik mwen pote pou nou se « Kouman pou kwit pòmdetè menm jan ak nan gwo restoran yo »?. Nan nivo pwofesyonèl e pi espesyalman nan gwo restoran franse (oubyen nan peyi Bèljik) yo kuit pòmdetè an 2 tan. Se sekrè sa a ki fè yo sèk deyò (croustillant) epi yo mou andedan alòs ke tout pòmdetè ya byen kuit.

1) Pou kuit pòdetè fri ya a nan 2 etap, kòmanse pa prepare tout engredyan yo. Koupe pòmdetè yo nan fòm ou ta renmen an.

2) Lave pòmdetè, koupe yo epi seche yo ak yon tòchon pwòp jouk yo sèk. Plonje pòmdetè yo nan luil ke ou chofe a 140° C. (Li pi bon pou kite luil la cho avan ou mete pòmdetè yo ladan l’)

3) Retire pòmdetè yo lè yo kuit men pandan yo mou epi toujou blan. Teste si yo kuit ak dwèt ou. (fòk li pa di anba dwèt ou. atansyon pou pa boulè sèlman)

Pou luil la ka degoute soti nan pòmdetè ou fèk fri a, mete yo nan yon plak (oubyen yon kabare ki gen napkin oubyen yon twal sèk e pwòp). Nan etap sa a, pòmdetè yo ka rete pandan 1 a 2 èdtan san pwoblèm, anvan yo sibi dezyèm kuison an ki ta dwe fèt tou jis anvan yo manje yo. (Se poutèt sa restoran ka sèvi ou vit paske se pa lè ou kòmande etap sa a fèt: yo fèl byen avan.)

4) Lè ou pral’ fè 2 zyèm kuison an, nan moman pou sèvi pòmdetè a, mete tèmosta ou sou 180 °C. Plonje pòmdetè prekuit la ankò nan luil cho a. Mete kantite ki nesesè pou pa janm sèvi l’ frèt.

5) Pòmdetè fri yo bon, lè yo byen pran koulè ak kroustiyan san ou pa boule yo. Mete ti sèl epi sèvi imedyatman. Ou ka menm pa mete sèl, ou jis mete yon salyè pou moun ki vle. Gen chèf ki renmen sèvi pòmdetè fri nan yon plat ke yo mete chofe avan. Fè atansyon.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou lòt teknik nan zafè fè manje. Fè jan nou konnen pou 2 zyèm foul wikenn 2022 ya pase yon lòt jan 😊

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.