TKSK: ESKE ZE PEYI PI BON PASE ZE ETRANJE?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch , jou lejann oubyen verite.

Eske ou konn tande ke Ze bren pi nitritif ke ze blanch ou byen ze peyi pi bon pase ze etranje … Eske bagay sa a se laverite tout bon ?

Mwen ta byen renmen di nou ke gen yon ons verite nan bagay sa a men bagay sa a se bon jan foulay, lejann nan bon ti mamit.

Ke ze a mawon ou byen blan, kalite nitritif li menmman parèyman. Sa fè koulè ze a diferan se ras poul ki ponn li a. Parekzanmp ze etranje yo soti nan ras poul blanch yo rele « Leghorn blanche » se pou sa yo blanch pi souvan men si ou chwazi ze ki soti nan ras poul « Rhode Island » ki se yon poul ki sanble anpil ak poul peyi a, kote plim li mawon, ebyen po ze ya pap blanch.

Sonje ke sa ki enpòtan nan yon ze se eske li fre ou pa ! Yon jan pou konnen sa se plonjel nan yon vè dlo si li fè fon li bon, men si l’ap naje, bay vag: ze a ekspire! Pa menm pran chans kase li pase li ka koumanse jème (li gen ti poul ladanl).

Fè kou ou konnen pou pase yon bon dimanch!

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Les commentaires sont fermés.