Correction majeure

Kanaval m’ap envite nou dekouvri semenn sa a, li soti an 1981. (Ane ki pou mwen se «meilleur cru» nan koze bèl mereng).

Se Bossa Combo ki fè li. Se kareman yon chedèv nan koze pawòl daki ak grivwazri.

Kanaval la gen 2 pati. Si tou 2 pati yo antrenan, ak yon ritmik byen kadanse, Premye a ase rapid pandan dezyèm nan pi dousman.

Nan premye pati a, tèks la trè koze « betiz nan kanaval» ou pito, moun ki ap akize djaz ki ap di betiz nan kanaval. Bossa souliye ipokrizi ki gen kay kèk moun ki pran pòz sa deranje yo, men ki amize yo ase byen lè djaz yo ap pase. Plis pase sa menm, se yo ki detounen pawòl mizik la pou di betiz. An nou li:

«Ou kanpe sou stann ou, ou ape banboche.
Ou ap tann nou pase pou ou fè la traduction.
Jedi maten lè w chita nan biwo
ou ap kritike djaz ki t’ap di betiz.
An 78 lè nou te di TOTO
ou retire T a ou ranplase l’ pa Z .
An 80 lè nou di plante bwa
Ou retire Plante a ou mete afè pa ou.
Michelle d’Orléans, gade jan ou ou vè kò ou,
Duc de tonquel, gade taye banda ou»

Dezyèm pati a ankò pi enteresan. Se li ki pral fè anpil moun rele kanaval la «Le Majè».
Epòk sa a, paske koze SIDA te ap bay gwo kè sote, desizyon te pran pou tout medam bò lari yo teste e gen yon kat ki sètifye ke yo pa malad. Kat sa a ta pral tounen lisans nan kanaval Bossa a.
Apati de sa, nou ka konprann tout rès pawòl yo:

«Janine, kote lisans ou?
Janine, apa ou pa enspekte!
Ou sou kontravansyon»

Tout rès pawòl yo pral pale de koze sèks:

«Si ou nan lari ou ape sikile
Pa pran limyè wouj la.
Pa antre nan sans inik la…»

«Si ou pa gen siyal
ou a fè l’ avèk dwèt…»

Pou fini, nou ka remake gen yon pati reggae nan kanaval la.
Moun ki abitye koute kanaval 1981 yo ap konstate
ke lòt djaz (Scorpio, DP, …) te mete yon reggae nan mereng yo.
Se te yon fòm omaj a Bob Marley ki te tonbe Malad e ki ta pral mouri an me menm ane a.

Kanaval Correction Majeure la retwouve li sou albòm ki rele «Ambiance d’ete»

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.