Pro domo Sua

Albòm sa a soti an 1976.

Apre Léon Dimanche fin kite Les Lionceaux des Cayes, 5 nan lòt mizisyen yo reyini e pral ofri albòm sa a nay piblik la.

Se yon trè bèl albòm: yon pyès koleksyon. Mizik ki sou li yo byen kadanse pandan akonpayman an ba li anpil siwo. Kale senbal la pat sistematik: sa ki fè lè li rantre, konpa a koule tankou yon vè dlo fre nan yon solèy midi. Sonorite a agreyab. bagay move!

Mizik m’ap pataje ak nou pou envite nou dekouvri albòm nan rele: «Souvenir d’enfance».

N’a ban m’ nouvèl.

Les commentaires sont fermés.