TKSK: ogmante konsomasyon FIB pou konbat tansyon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nou sonje ke jodi ya se jedi tansyon? Semenn pase yo mwen t’ap di nou pou ogmante konsomasyon potasyòm. Jodi a mwen ap vanse avèk nou, pou konseye moun ki fè tansyon pou ogmante konsomasyon fib, sitou fib ki ka fonn nan dlo, pou konbat hypètansyon an.

PARYE SOU « FIBRES SOLUBLES »

Gen de kategori fib: idrosolib (hydrosoluble) ak fib ensolib (insoluble).

Fib solib la fòme yon jèl glise epi kole lè l’ an kontak ak dlo. Lè yo rive nan trip ou, yo makònen ak kolestewòl, sa ki pèmèt eliminasyon fib la olye ke yo chita epi antre nan trip la, epi yo ede tou limite pwodiksyon kolestewòl nan fwa ou. Se konsa, anplis yo jwe yon wòl filtè pou ralanti absòpsyon glisid yo, sa ede limite nivo kolestewòl ou.

Fib ensolib yo, nan bò pa yo, bay yon efè sasyete (San ou poko manje anpil vant ou gentan plen) Se poutèt sa, yo se alye ki gen anpil valè nan yon kontèks rejim alimantè ki ankouraje jesyon pwa ak sante.

Tout sous fib yo enpòtan nan yon rejim alimantè ki vize sante. Pi espesyalman, fib idrosolib ki pi kenbe tansyon an ba pase fib ensolib yo. Rekòmandasyon m’ se pou gen yon rejim alimantè ki gen anpil fib an jeneral, men ak yon preferans pou fib idrosolib lè ou fè tansyon.

Fib yo se sèlman nan legim ou jwenn yo. Yon rejim ki gen anpil fib bay vitamin ak mineral nan gwo kantite pandan yo fèb nan kantite kalori, grès, sik rafine ak sèl yo ta ka pote nan kò a.

Kòm yon pati nan yon rejim alimantè ki rich nan fib, li rekòmande tou pou bwè anpil dlo, omwen 6 a 8 vè (sa vle di 1 a 1.5 lit) pa jou pou fasilite aksyon fib nan kò a epi redwi risk pou yon konstipasyon. .

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto kouvèti: maud-fontalirand-dieteticienne

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.