TKSK: ESKE MANJE fwomaj nan fen yon repa KA anpeche ou gen kari?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch , jou lejann oubyen verite.

Eske ou tande deja ke Manje fwomaj nan fen yon repa anpeche ou gen kari ? Ke ou abitye tande sa ou pa eske bagay sa-a dapre ou se laverite tout bon ?

Fwomaj tankou fwomaj «cheddar«, fwomaj Swis, «fromaje bleu» , Fwomaj Monterey Jack, mozzarella, brie ak gouda gen bon kantite kalsyòm, pwoteyin, grès ak fosfò ladan yo. Se pwodwi sa yo nan fwomaj la ki bali pwopriyete antikariojèn li a.

Se pou sa li rekòmande pou konsome fwomaj la nan fen repa paske yon pati nan kalsyòm ak fosfò ankouraje mineralizasyon nan emaye dan ou, pandan pwoteyin ak grès la netralize asidite nan manje ki gen sik ki lakòz kavite nan danw ki pwal baw dan bonbon an, sa moun a soulye rele kari ya.

AN KONKLIZYON Si ou pa genyen yon bwòs dan apre ou fin manje, apre ou fin kraze yon bagay dous oswa yon repa, mòde nan yon moso fwomaj …

Fè kou ou konnen pou pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.