TKSK: « Beurre blanc »

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Beurre blanc » ! Lè ou tande mo sa ki sa ki vini tou suit nan imajinasyon ou ?

« Beurre blanc » se yon sòs ki fèt ak echalòt, vinèg, diven blan ak bè. Se akonpayman klasik pou pwason, kristase ak lambi an sòs.

Men kijan ou fè sa! Koupe piti piti echalòt ou epi bal koulè nan yon ti vinèg. Tann li redui, epi retire echalòt la sou dife. Vide vinèg ki an twòp la nan yon lòt veso, epi apre sa ajoute yon ti diven blan sèk nan plas li. Repete operasyon an, kou diven yan evapore retire sòs echalòt la sou dife. Vide rès diven blan an epi kite l’ refwadi.

Lè preparasyon an refwadi, retounen mete l’ nan yon chalè ki ba anpil, Lè sa a, piti piti enkòpore moso bè a, san ou pa janm sispann bwase dousman, pran tan ou!

Ajoute bè jiskaske ou jwenn kantite ou vle ya. Preparasyon an ta dwe yon ti kras krèm … si se konsa, felisitasyon! Ou reyisi…

Nòmalman, lè sòs sa refwadi li pa ta dwe tounen. Sil tounen ou byen li kaye, rekòmanse

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: thespruceeats

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.