Aux AntilleS

Albòm n’ap koute semenn sa-a, make tout yon epòk.

Anpil moun konsidere albòm Aux antilles Tabou Combo a, sitou mizik Aux Antilles la li menm, kòm yon delivrans pa rapò ak Zouk la ki te anvayi peyi a ak radyo nou yo nan fen ane 80 yo.

Lè, an 1988, mizik «Aux Antilles» la avèk «Kompa’m ce pa’m» anvayi radyo peyi a, tout fèt salon te suiv tandans la. Se te yon kokennchenn siksè, menm si, an reyalite, enterè pou konpa-a pat janm vreman desann jan anpil moun anvi kwè sa-a. Ann raple ke Tabou li menm te gen yon gwo siksè ak albòm li te soiti anvan-an. Albòm ki gen «QUITE’M FE ZAFE’M» nan sou li a.

Albòm «Aux Antilles» la se yon kafou nan lavi Tabou Combo. Adolphe Chancy, apre plis ke 10 lane nan tèt gwoup la, ak tout avèk Jean-Claude Jean, kite djaz la pou al fè Super Star Music Machine.

Se pral kòmansman peryòd Gary Résil e sitou, Yves Abel Albert ki pral pote yon lòt frechè nan djaz la.

Mizik mwen pi renmen sou albòm sila a (ki make 20an djaz la) se «La vie en exil» ak «La Nature». Se 2 pi bon tèks yo.
Se ak dezyèm nan m’ap envite nou eksplore albòm nan. Apre sa ki pase yè Ayiti nan koze goudou goudou, li enteresan pou nou retande pwofondè pawòl ki gen sou mizik sa a.

«Souvan n’ fè erè
Lè n’ panse n’ kontwole latè.
Nou di nou se kanson fè,
Anyen pa ka fè nou pè!

Loraj gwonde
lavalas ape tonbe
Zeklè tonbe kalonnen
se lè sa nou tout gaye!»

Apresye mizik la epi chèche koute albòm nan.

Bonne écoute!

Les commentaires sont fermés.