TKSK: Ki fokal pou itilize lè ou ap fè foto manje?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Depi madi rive tout fanatik fè foto manje ap pran plim ak kaye pou pran nòt. Jodi a n’ap trè teknik pandan m’ap eseye kan menm pa vole twò wo.

Kesyon jodi ya se Ki fokal pou itilize lè wap fè foto manje?

Menm si 90% nan nou se telefònn nou ki sèvi kòm aparèy foto fòk nou konnen si yon jou nou ta renmen fè liv, afich, piblisite sou manje ke nou fè, fòk nou rele yon moun kote la marin se metye l’. (an pasan tel ki ka baw yon rezilta wololoy la li souvan pichè ke yon kamera pwofesyonèl, e fòk li nan men yon pwofesyonèl pase sa telefòn la ap baw poukont li ya asez moyen. Fòk ou gen yon moun ki konn tout « settings » yo poul baw maximòm li)

7 – Ki distans fokal yo itilize pou fotografi manje

Fotografi gastronomik pral reyalize ak sèten kalite lantiy. Li pi difisil sou kèk lòt. Sa depann de distans fokal la. Pou pi klè, li pral difisil fè fotografi gastronomi ak yon gran ang, paske manje an tap pèdi nan dekor la.

Kòm nou plis bezwen antre nan pwodui a pou konsantre nou sou sijè a, se poutèt sa nou itilize plis longè fokal ki sòti nan 35 mm pou rive 50 mm. Li posib pou ta itilize 85 mm, 100 mm, jiska 200 mm pou izole sijè avèk yon avan plan nèt epi dekò flou, men pwoblèm nan se pral mank espas, paske fotografi manje jeneralman fè andedan kay la, arebò tab la et lè gen fèt menm anpil moute desann nan dènye preparasyon ka ran travay ou difisil epi itilizasyon yon log fokal enposib.

Randevou kase pou semenn pwochenn pou lòt konsey sou kijan pou fè foto manje

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Photo kouvèti: Baradvisor

Les commentaires sont fermés.