TKSK: KIJAN POU NOU RETIRE Odè pwason nan fou a

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Odè pwason nan fou a? Ki jan ou ka fè sa disparèt imedyatman.

Ou renmen ti pwason ou, men lè ou fin kuit li gen yon sant pwason ki jis paka soti nan fou a? Li nòmal apre yo fin kuit pwason, li santi lanmè epi lòdè ya difisil pou ale! Wap mande tèt ou ki jan ou ka fè pou debarase ou de sant saa ? Si sa te ka fèt osito ke posib li tap pi bon!

Erezman, gen yon jan efikas ke manman mwen te moutre m’ pou fè sant pwason an disparèt byen vit. Tout sa ou bezwen se yon ti sitwon, oswa vinèg blan tou depann de ki fou ou itilize.

  1. Pou yon fou tradisyonèl

Depiw pran pwason an ou soti li nan fou a, pwan yon sitwon. Sèvi ak yon ti kouto, pou kale po sitwon an. Mete li nan yon ti plat. Mete l nan fou tou cho. Gras a chalè fou a, yon bon sant sitwon ap soti nan po sitwon an. Odè sitwon fre ak sante li pral piti piti gaye nan fou a epi fè sant pwason an disparèt nan fou ak nan tout kay la.

  1. Pou yon fou mikwo ond

Ak sitwon
Apre ou fin kwit pwason ou a, peze ½ sitwon. Ranpli yon bòl ak dlo. Vide ji a nan bòl dlo a epi tou mete mwatye sitwon an ladan l. Mete bòl la nan mikwo ond lan. Chofe pou 2 minit. Kite bòl la nan mikwo ond jiskaske li tyèd.

Avèk vinèg blan

Ranpli yon vè jiska ¼ plen ak vinèg blan. Ranpli yon bòl ak dlo. Vide vinèg la nan bòl la. Chofe bòl dlo a ak vinèg lan nan mikwo ond lan pou 2 minit. Kite bòl la nan mikwo ond jiskaske li tyèd. Pa gen move odè pwason ki ka reziste!

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: econo-ecolo

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.