TKSK: «Fumet»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Fumet » ! Lè ou tande mo sa ki sa ki vini vini tou swit nan imajinasyon ou ?

Mo « Fumet » ya se sinonim “Fond”, men si yo plis sèvi avèl pou pwason ou ka genyen fumè volay tou. Se yon preparasyon likid ke wap itilize nan kwizin, se yon sòt de ji epis ki ka sèviw kòm baz pou sòs oubyen pou ranplase kib maggi. Pou fè yon fumè wap bouyi zo (pwason, bèt volay), oswa tèt ak zo (pwason), swa nan yon bouyon aromatize oswa nan nenpòt diven.

Pou yon fumet (oubyen fond) volay, mete nan fond kaswòl ou kawòt koupe ak zonyon. Kwit sou ti dife zo ak rès volay la epi mouyel byen mouye ak dlo oubyen diven blan, epi kitel kwit pou minimòm 1 èdtan 30 minit.

Pou fumè pwason an, achte kèk pwason ki pa chè pou fè bouyon an. Men, si se gwo pwason ou genyen, retire 4 filèt yo epi sèvi ak tèt la, zo eskelèt la ak po a pou fè bouyon an. Koupe debri sa a an moso, mete yo nan yon marmite ak yon ti dlo, diven blan oswa vinèg, bon jan epis, epi kitel kwit pou 30 minit. Lap toujou pran mwens tan ke pou volay la

Sonje pou pase bouyon an nan yon tòchon pwòp oubyen yon Chinwa epi sèvi likid pase ya pou sòs oubyen lòt preparasyon ki mande fumè.

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.