TKSK: Eske ou te konnen ou ka fè deyodoran ak MAIZENA?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Eske ou te konnen ou ka fè deyodoran ak MAIZENA?

Ou mèt fò kouw fò nan fè manje, si lè wap fè manje ya ou santi swè, ou santi fò epi moun ki pwal manjel la pase bò kotew nan moman wap fè manje ya ou paka anpechel asosye odè li pran ak manje ou pwal bali ya. Se pa yon bagay pou jwe ak sa pase byen souvan ou tèlman abitye ak odè kòw ou paka konnen ki odè tèt ou genyen Ke se odè chwan ke se twòp pafen yo youn pabon nan zafè fè manje.

Sa ki pi rèd la sèke solisyon an la anba jew nan kwizin lan. Yon deyodoran ak lwil kokoye epi maizena. Bagay solid epi fasil. Si ou pa fatige oubyen pa renmen deyodoran chimik ki koute byen chè, si ou panse deyodoran komèsyal yo gen sibstans ki toksik ki danjere pou sante? Pran ti kayew epi koumanse pran nòt. Mwen pwal baw yon resèt deyodoran ki trè fasil ak 100% natirèl, men sa ki pirèd la deyodoran sa a gen yon bon sant epi li pa chè!

Wap bezwen yon ti lwil kokoye, bikabonat, Maizena, epi se tout!

Engredyan

  • 3 gwo kiyè lwil kokoye
  • 3 gwo kiyè Maïzena
  • 3 gwo kiyè Bikabonat
  • 1 Yon ansyen ti boutèy deyodoran ki fini

Ki janw fè sa?

  1. Melanje tout engredyan yo byen, jiskaske ou jwenn yon konsistans ki lis ak fèm.
  2. Sèvi ak yon kiyè, mete melanj sa a nan ti boutèy deyodoran an.
  3. Mete deyodoran an nan frijidè a jiskaske li vin solid.
  4. Sevi avèk li men jan ou ta fè yon deodoran komèsyal.

Koulye a, ou konnen bon jan sekrè gwo chèf kwizin pou evite odè swe – san efè negatif sou pow ak santew. Ak deyodoran 100% natirèl sa ou ka di bye bye deyodoran chimik ki ranpli ak pwodwi toksik!

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: econo-ecolo

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *