TKSK: «Gras Insaturés » ak « Omega-3 » pou konbat tansyon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Konsèy jodi ya mwen gen pou nou se mete «Gras Insaturés » ak « Omega-3 » nan sa nou ap manje.

6 . ENTEGRE GRA ENSATIRE AK OMEGA-3 NAN REJIM OU
Moun ki fouye zo nan kalalou konnen grès polysatire oubyen mono satire ak omega-3 pwoteje se yon bon pwoteksyon nan zafè kè ak sikilasyon san. Lè ou pran omega-3 li pa nesesèman diminye tansyonw men li anpeche oubyen diminye fomasyon plak nan venn ou (athérosclérose) epi li favorize yon meyè sikilasyon sang nan menm nan venn, nan sèvow pandan lap amelyore « Bilan lipidique » ou.

Ki kote ou ka jwenn omega-3 ?
 Nan pwason gra : aran, zwit, makwo, sadin, somon, ton
 Nan grenn len moulen, sitwouy, chanv ak chia
 Nan nwa, zanmann, pistach, nwazèt
 Lwil doliv ekstra vièj, kanola, lwil len, lwil nwazèt

Pou moun ki fè kolestewòl ak tansyon espesyalis yo mande pou mete pou pi piti 2000 jouk rive pou pi gwo 4000 miligram Omega-3 pa jou nan sa wap manje. Kantite saa se pa nan manje pwason 2 a 3 fwa pa semenn wap jwenn li, li pap sifi. Nan ka sa yo ou oblije achte sipleman omega-3 pou ka rive. Kòm se yon bagay ki varye pou chak moun nou ta konseyew pale sa ak doktèw oubyen « dietetiste » pou konnen ki sipleman ak ki kantite pou pran.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto kouvèti: santemagazine

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.