TKSK: 4X4

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwuzin, famasi lakay »

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » Sè jou si tanperati ya, kranponnay pou pa gen kowona fè nenpòt ki ti grip nou panike. Jodi ya mwen vini ak yon dènye resèt pou tan saa ki se yon tank 4X4 pou grip men ki (sa rive raman) se yon remèd menm moun ki pa malad ap anvi pranl …

Men yon tretman “4 x 4” pou rim sèvo

Engredyan ou dwe genyen:
 4 gwo kiyè ji sitwon
 4 gwo kiyè konyak
 4 gwo kiyè lèt ki pa pasterize
 4 gwo kiyè gliserin.

Melanje tout 4 engredyan sa yo (4×4) chofe yo pou pran yo konsa tou ou ka pran yo san chofe men bwaseyo byen bwase nan tanperati nòmal.

Bwè melanj lan epi vlope tèt ou nan rad cho epi ale nan kabann.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Les commentaires sont fermés.