TKSK: kèk konsèy pou manje mwens grès

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Konsey jodi ya mwen gen pou nou se mete Peze fren sou grès ak tout matyè gra nan sa nou ap manje.

7 Limite konsomasyon grès ou an an jeneral.

Pou kontwole tansyon ak pwaw pi fasil, li rekòmande pou diminye konsomasyon grès. Plizyè manje, tankou vyann ak pwodwi letye deja genyen grès natirèlman ladan yo. Se poutèt sa nou dwe fè atansyon ak lòt sous grès yo ke nou ka evite. Sous grès sa yo nou jwen yo an gran kantite nan manje trete, tankou chips, desè, pat oswa manje tankou chen janbe, koupim chajew, fasomur, venteyen nasyon elatriye sa nan lòt peyi yo re le « fast food » yo.

Men kèk konsèy pou manje mwens grès

  • Diminye konsomasyonw nan manje komèsyal trete. Olye de sa, fè pwòp gato ou, ponmkèt ak lòt patisri ke ou ta anvi manje. Fè yo an gran kantite pou ka friz yo epi pase yo nan fou lèw bezwen…
  • Evite gwo kantite bè, vyann boure ak grès, charkitri, pwodwi letye ki gen anpil grès, ak bonbon, ponmkèt, krwasan ak gato achte nan magazen. Tout pwodwi sa yo gen anpil grès satire ak grès trans.
  • Toujou li etikèt sou nitrisyon anvan ou achte yon pwodwi. Si li pa ekri 0 g pou grès trans, chwazi yon lòt pwodwi.
  • Chwazi pi souvan ke ou kapab fwomaj 20% M.G (Matyè Gras). Si li mwens li pi bon toujou. Chwazi lèt ak yogout ki gen 2% M.G. oswa mwens, osi souvan ke posib.
  • Limite bè ak magarin sou pen.
  • Prefere yogout jele ak lèt olye pou bwè krèm glase (Men lè ou fe sa ou dwe konsome yo ak modération, sepandan).
  • Evite soup ki baze sou krèm, asyèt gratine ki sèvi ak sòs bechamel oswa sòs blan, sòs Alfredo, manje fri ak pen.
  • Pou kwit manje, sèvi ak yon chodyè ki pa fè graten (antiadeziv) epi ranplase bè a ak yon ti kantite lwil oliv.
  • Degrese baz chodyèw ou anvan ou sèvi avèk yo.
  • Pa manje twò souvan nan restoran an (si sa obligatwa, chwazi vyann griye epi mande sòs la separeman pou plat cho yo ak salad)
  • Ranplase pòmdetè fri ak pòmdetè kwit nan fou, diri oswa legim.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.