TKSK: «Entremets»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Entremets » ! Sa ka rive ke mo sa saa pa vle di anyen pou ou. Konsa tou ou ka eseye fè ti devinèt pou di nan pansew ke se yon bagay ki nan mitan de lòt bagay… (si se dènye ka saa ou pa twò lwen la verite ya)

Nan tan lontan, nan peyi ki te gen wa kote lè yap fè babako manje pou tout gwo potanta vin byen manje entremè se te yon ti espektak ke yo te vinn bay nan mitan manje ya lè yo fin sèvi yon seri pla avan yo pase yon seri lòt. (mwen pa beswen di nou jan lè saa yon moun te ka pase tout yon jounen ap manje)

Pi resamman etremè ya tounen nan domèn gastronomi, yon plat dous ki pi souvan sèvi ant fwomaj ak desè.

Li pa ra ke nan jounen jodi ya ke yo konfonn entremè ak desè. yo senpman di desè olye de entremè menm an jeneral desè ta dwe sèvi alafen tankou yon dijestif

Men teknikman an di ke “Entremets” se yon asyèt bagay dous ki sèvi apre fwomaj. Yo fè yon distenksyon ant entremets cho ak entremets frèt. Yo gen pi souvan pou baz fwi, men li pa oblije.
Pami entremè yo, nou ka mansyone: bavawa, benyen, « charlottes », krèp, krèm, kwout, omelet (dous), poudin, soufflé elatriye. Ou ka fè yon varyete enfini nan desè ak sereyal, diri, tapioca, biskwit, konbine avèk lèt, ze, fwi, aromatize ak likè ki pi divès.

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.