TKSK: Konsome mwens sik «rafinés»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nou sonje ke jodi ya se jedi tansyon.

Konsey jodi ya mwen gen pou nou se mete Konsome mwens sik « rafinés » nan sa nou ap manje.

  1. MANJE MWIS SIK RAFINE

Konsomasyon sik rafine anpeche jesyon pwa. Li lakòz moute desann nan nivo sik nan san nou. Sik rafine yo se kalori vid yo ye. Sa vle di ke ou konsome kalori sa yo epi pa santi w plen, ou pa santi ou fè anyen ou santi ou ta pran ankò. Kòm rezilta, ou manje plis, jere pwa ou vin menm pi difisil. Se menm jan an pou yon seri pwodwi sereyal rafine tou (sa yo rele sereyal blan yo), yo pa gen fib se poutèt sa yo gen menm efè ak sik rafine sou santew an jeneral.

KÈK MANJE KI BOURE AK SIK RAFFINE, POU EVITE

• Bonbon, gato, patisri ak “tarte”
• Krèm glase, popsicles ak yogout glase
• Sik blan, siwo myèl, siwo derab ak siwo agav
• Bwason gazèz (Cola,coka e latriye), ji ak cocktèl defwi
• Sirèt ak sirèt chokola

KÈK PWODWI CEREYAL RAFFINE POU EVITE

• Tranche pen blan, pen anmbègè blan ak farin pitza
• Pat blanch ak diri blanch
• Donuts, krwasan, gofr ak ponmkèt ki soti nan patisri
• Sereyal nan manje maten ki san fib ak ki gen sik

Konsèy pou konsome mwens sik rafine

Evite pwodwi rafine mwen sot mansyone laa deja

Anvan w achte yon pwodwi, tcheke etikèt nitrisyon an ak lis engredyan yo; sik pa ta dwe nan mitan twa premye engredyan yo

Entèdi tèt ou ji fwi ak bwason gazeuz nan makèt yo, menm si yo make “diète” oswa “san sik “. Prefere dlo, dlo mineral oswa te.

Pa ajoute sik blan (oswa eseye diminye li) nan sereyal ou, perfusion, kafe ak te.

Prepare manje ou ak ti goute ak bon engredyan debaz tankou legim, fwi ak pwodwi sereyal grenn antye.

Diminye sik ki nan resèt oswa ranplase li ak sòs pòm san sik.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.