TKSK: «Garniture»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Garniture» ! Sa se yon mo mwen si ou abitye avèl men eske ou vreman konnen kisal vle di?

Yon ganiti se yon ansanm sibstans alimantè ke ou ajoute arebò oubyen ou sèvi ak yon plat prensipal (Ki ka genyen chakitri, bèt volay oswa pwason) pou konplete oswa dekore pla prinsipal sa. Lè saa ou dwe sevi yo sou yon menm plato.

Ganiti ya dwe gen rapò ak plat debaz lap mete an valè ya.
Yon ganiti senp lè li gen yon sèl eleman (legim oswa sòs oubyen salad).

Yon ganiti konpoze, lè li gen ladanl plizyè legim, oswa divès kalite salad, oswa plizyè modèl past, oswa divès kalite kristase.

Kantite oubyen variete ganiti yo varye selon gou ak imajinasyon chak moun, e non yo gen rapò ak eleman ki konpoze yo…

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.