TKSK: MODERE KONSOMYON ALKÒL NOU

Nou sonje ke jodi ya se jedi tansyon.

Apre konsey jodi ya mwen konen mwen ka pèdi kèk zanmi men mwen pa gen le chwa zanmitay mwen avè nou makònen ak konsyans mwen fè ke sante nou enpòtan pou men, nan pwen pou rantre fon nan 5 mèt 50 nou. Nevyèm konsèy mwen pou pasyone ki fè tansyon yo se :

9 MODERE KONSOMYON ALKÒL NOU

Alkòl se twazyèm faktè ki fè tansyonw monte apre laj ak pwa. Men li devan tabak ak mank aktivite fizik. Bwè regilyeman twa (oswa plis) vè bwason pa jou double risk pou tansyon vale teren alontèm. Sepandan, efè a se revèsib; le pli vit ke ou peze fren sou konsomasyon alkòl ou, tansyonw ap diminye.

Alkòl trèt anpil li bese tansyon touswit apre konsomasyon, men ogmante li 10 a 15 èdtan apre. Pou ede ou pi byen kontwole tansyon ou, li rekòmande pou ou limite tèt ou a de bwason (pou gason) oswa yon bwason (pou fanm) pou chak jou. Men lèm di yon konsomasyon se kisa sa ye ?

YON KONSOMYON EKIVAMAN A:

  • yon byè 340 ml (12 0z) 5% alkòl
  • yon vè 150ml (5 0z) diven nan anviwon 12% alkòl
  • yon vè 90ml (3 0z) diven fòtifye ak 16% alkòl
  • yon vè alkòl di 45 ml (1.5 0z) nan 40% alkòl

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.