TKSK: Limite Konsomasyon kafeyin Nou

Jedi tansyon.

Konsey jodi ya nan jedi tansyon se ralanti sou kantite kafeyin ou konsome pa jou. Kafe se yon bon boustè men lèw fè tansyon fòk ou resignenw bay boustè saa sipa li …

10 LIMITE KAFFEYIN AK TOUT SOUS LI YO

Kafeyin ka fè tansyonw monte (li pa otomatik men sa ka rive). Se pa paske yon moun konsome kafe sou yon baz regilye ke li ogmante risk poul vin gen tansyon wo. Men si ou te deja fè tansyon, ou oblije moderew. Malgre ke efè kafe sou tansyon yo poko byen konprann li son yon tan ki long, kafeyin li menm ka agrave sèten pwoblèm kè, an patikilye aritmi (troubles ritm kè). Li pa rekòmande tou pou konsome kafe kèk èdtan anvan ou mezire tansyon ou pou pa fose rezilta yo.

Li rekòmande pou pa depase 400 mg kafeyin pa jou. Sa se ekivalan twa a kat tas kafe koule. Pa bliye ke kafeyin yo jwenn li tou nan bwason gazez, bwason enèji (tankou towo, red bull e latriye) ak chokola.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: TopSante.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.