TKSK: Macération

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Macération » nan langaj pa nou di masere oubyen konsonmen.

« Maserasyon » nan domèn kwizin

Nou di yon manje ap masere se lè nou kite yon kò nan yon likid frèt jiskaske pati li yo ki « soluble » yo fin fonn nèt.

Likid ki vin fòme ya, ak tout ti matyè sa yo ki finn fonn lan rele « macère » oubyen maserasyon. Maserasyon se yon operasyon souvan ki fèt lakay ak divès kalite pwodwi. Pa egzanp nan preparasyon cornichon ak vinèg, marinad, fwi nan Brandy ak likeur, pikliz, piman nan lwil elatriye. Ou menm jwenn li nan yon seri preparasyon te ki fèt fèy ki sanble ak zèb.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.