TKSK: «Fonds de Cuisine»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Fonds de Cuisine » se sitou moun ki konnen ki tegen yon baz nan zafè Kwizin pwofesyonel, oubyen nan fanmi kote manje-sante enpòtan ke yo sèvi ak fonds de cuisine. Tout lòt moun yo sèvi ak kib maggi san yon pa poze tèt yo kesyon sans yo pa bay pèsonn regle anyen pou yo.

Men kisa «Fonds de Cuisine » la ye menm ?

“Fonds de Cuisine” yo reprezante baz fondamantal pou fè manje san yo pa gen anyen ki nosif pou la sante. E se poutèt se premye bagay yo moutrew fè lè wap etidye fè manje nan gwo lekòl. Men si ou gen volonte pou byen fè, men si ou gen don pou fè manje sa pa ase pou kreye bon manje san eleman sa yo ki reprezante pwen depa manje ki gou manje ki kenbe santew fèm. Pou fè bon jan « Fonds de Cuisine » nou bezwen mwayen pou kreye yo. Nou dwe bay moun kap fè yo bon jan fòmasyon men sitou mete a dispozisyon yo tout sa ki nesesè pou sa, Sètadi machandiz premye chwa a epi ki pi frè pi natirèl posib.

MEN DIVÈS KALITE FON POU KIZIN YO

• Konsonmen regilye ak Konsonmen klarifié;
• Fon blan ak Fon bren Fon pou bèt volay, Fon pou zwazo mawon ak fon pou pwason; ji sòs pou fè lyezon ak gwo sòs de baz yo;
• Fumets ak Essences ki konplete ti sòs yo;
• “Glace de Viande”, « Galce bèt volay », ak « Glace zwazo mawon »;
• « Roux » blan, bren, blon ak blan;
• Gwo sòs debaz yo, tankou sòs « Espagnole », sòs « Velouté », sòs « Bechamel », sòs « Tomat »;
• Jele grès ak jele mèg.

Nan men fami fon saa ou ka mete tou baz sa yo:
• « Mirepoix » yo ak « Malignons »;
• koubouyon ak blan pou vyann ak legim;
• Marinad ak « Saumure »;
• Divès fas gra ou byen mèg;
• Ti prparasyon oksilyè, elatriye.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.