TKSK: prepare yon meni ak sa ki bon POU JERE TANSYON

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jedi tansyon.

Konsey jodi ya nan jedi tansyon se Olye pou ap veye tout tan ki sa ou pa dwe fè an nou prepare yon meni ak sa ki bon pou nou

Mwen pwal bawou, apati semenn pwochèn, Meni pou 21 Jou ki te devlope pou w gen tout eleman nitritif ak enèji ou bezwen pou chak jou. Manje ke mwen koseye nan ti goute yo ka ranplase youn pa lòt de jou an jou. Ou pral remake tou ke manje midi yo se sitou rès nan manje aswè anvan an. Se poutèt sa, ou ka ajiste pòsyon yo menm double resèt ou yo si sa nesesè pou gen rès pou jou kap vini apre yan.

Pou ti goute, santi ou lib pou chwazi nenpòt fwi ak legim ou genyen anba men ou. Epi tou varye nwa yo ak lòt grenn.

Fè vant ou konfyans lè li diw li grangou manje pòsyon pou etenn souf grangou a. Eseye manje tout bagay, men pa fòse tèt ou fini plat ou si ou santiw plen. Si ou gen yon ti apeti, toujou asire w ke ou manje yon varyete de manje nan twa gwoup yo (pwoteyin, lanmidon ak legim) nan chak repa.

Planifye semèn ou a ak meni yo epi prepare lis makèt ou a pou achte engredyan ou bezwen pou prepare resèt yo.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.