TKSK: Macédoine

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Macedoine». Mwen si mo sa a pase devan je nou deja san nou pa rete sou li pase lakay nou nou rele sa yon lòt jan.

Macedoine se yon plat cho oswa yon sòs salad ki se yon melanje legim diferan, oswa pafwa fwi diferan, koupe an kib apeprè mwatye yon santimèt sou chak bò. Kidonk lè nap pale de masedwan li ka melanj lan, li ka jan ou koupé ti moso ki nan melanj saa.

Mo macédoine la

Mo sa a, ki te parèt an frans nan 18tyèm syèk la nan domèn gastronomik (“macedoine à la paysanne”), te itilize an referans ak Masedwàn ki se yon rejyon kote divès pèp ap viv. (se menm jan bò lakay pou pale de yon manje ki gen plizyè bagay diferan ladanl nou di 21 nansyon)
Depi 1850, yo pran mo a nan sans figire, tèm lan vle di melanj, yon rasanble nan yon menm plat plizyè bagay plizyè fòm plizyè koulè, tankou ansyen vitrail nan legliz yo, kote ou gen enpresyon ti moso yo plase owaza pou fòme yon bèl bagay.

Nan kèk peyi, tankou lakay nou, yo rele masedwa n lan “Salade russe”. Se yon melanj ki fèt ak kib, swa kawòt, pwa ak lòt legim, oswa fwi divès kalite. Jodi ya Avèk devlopman manje endistriyèl, ou ka achte macedoine la tou fèt nan bwat.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: cuisineaz

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.