TKSK: Pouki sa li ta bon pou swiv yon rejim DASH

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jedi tansyon.

Konsey jodi ya nan jedi tansyon se Pouki sa li ta bon pou swiv yon rejim DASH ? si ou fè tansyon

Rejim DASH la gen anpil benefis nan ka tansyon wo, li pèmèt ou:
• Reyalize epi kenbe yon pwa ki bon pou santew.
• Bese tansyon w natirèlman
• Diminye konsomasyon sèl ou
• Kenbe pi bon konsomasyon eleman nitritif yo
• Kenbe sante kadyovaskilèw
• Konplete aksyon tretman medikaman ke doktè baw yo
Anpli medikaman doktè preskriw ki esansyèl pou swiv yo (men ki konn gen kèke efè segondè), rejim alimantè DASH la ka kontribye nan diminye presyon nan sanw. Premye etap la se diminye konsomasyon sèl nan manje nou pap janm bouke di sa.

Tansyon wo se yon faktè risk kadyovaskilè, li pral tou nan enterè nou ankouraje fib ak sèvi ak grès ki gen bon jan kalite nitrisyonèl (sitou omega-3s). Pèdi pwa pral ede tou redwi tansyon, osi byen ke kite fimen ak alkòl, ki pral prezève kondisyon an nan atè yo otank posib.

Li te enpòtan ke mwen te presize bagay sa yo anvan mwen koumanse ban ou resèt pou 21 Jou yo

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.