TKSK: CHABLONNER

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « CHABLONNER». Mwen si mo sa pa pase souvan devan je nou. Si yon jou nou ta wèl ki sa sa ta dwe vle di ?

Ekspresyon chablonner ya vle di kouvri sifas yon biskwit oswa yon gato ak yon kouch chokola fonn. Sa dwe ran n sa chokola a kouvri ya enpèmeyab. Epesè kouch cokola a fèt pou anpeche yon mous oswa yon krèm ki an kontak ak biskwit _(oswa gato a) mouyel oubyen ran n li imid.

Ou ka chablone yon fon yon « tarte » tou sitou si ou gen entansyon mete yon fwi oubyen yon lòt ganitu ki ka bay likid. Sa bay kòm rezilta tàt la rete sèk koustiyan pandan « garniture » la rete ak tout frechè li.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: meilleurduchef

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.