TKSK: Eske vrèman ji sitwon fè megri?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch , jou lejann oubyen verite.

Mwen si nou konn tande deja « map bwè jis sitwon (oubyen ji chadèk) poum ka megri ». Men Eske vrèman ji sitwon fè megri?

Si bwè ji chadèk, bwè ji sitwon te fè megri ou pa menm ta kab jwenn li nan famasi menm lè bon jan doktè ta bay preskripsyon pou li. Tout moun ki ta bwè oubyen manje chadèk ta mèg kouw kaw…

Pa gen anken grenn oubyen manje ki ka fè moun megri Se ekip abitid ou genyen nan janw viv chak jou ki ka fèw seksi. Si ou pa kwèm fè esperyans saa : pran yon blòk bè vide sitwon oubyen jis chadèk souli epi ret tann, si apre yon tan ou wè bè ya disparèt konnen sitwon ka fon grès epi tout esyantifik ki ekri sou kesyon saa se yon ekip blofè…

Men toutotan ke sa poko rive konnen afè bwè ji sitwon pou vinn seksi ya se bon jan foulay…

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: viehealthy.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.