TKSK: «GLACER»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «GLACER». Mwen si nou abitye tande glase gato men eske ou te konnen ke yo glase legim ? Eske nou konnen kouman yo fè sa ?

Glase yon pwodwi oubyen yon legim enplike kwit legim lan antye oubyen an moso yon chodyè ak dlo, sik, sèl ak bè. Yo vin klere ak yon ti kras dous. Teknik sa a rele tou “Glase a blan”. An gwo depi ou kwit manje ak dlo ak bè yo di ou glasel (glase a blan lèl pa pran koulè, glase a brun lèl pran koulè). Nan fen kwit manje ya, likid la ta dwe konplètman evapore ak legim ki kouvwi ak vapè epi klere. Kalite kwit manje sa a byen adapte ak ti kawòt wòwòt (baby kawòt), “navèt” ak ti zonyon…

Youn nan premye rezon pou glase nan kwizin se pou bay vyann, pwason oswa kristase, yon aparans klere ak koulè lò nan wouzel de tanzantanpan dan manje ya ap kwit. Se konsa manje a ap byen pran koulè, yon ti kras kroustiyan epi sitou li pap sèk.

Glase yon gato
Pou menm objektif la, glase yon patisri ba li yon aparans klere. Gen de metòd pou sa: swa ou kouvri gato a ak yon glas (ki baze sou sik), yon fondan (pa egzanp yon glas fwi) oswa yon chokola li likid epi lis; swa ou voye sik jivraj oswa siwo lè patisiri ya prèske fin kwit, oswa ou mete gato a nan chalè fou a pou karamelize kouch sik la.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: likeachef

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.