TKSK: Kouman pou adousi yon vinegrèt ki twò asid?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Vinegrèt ou twò asid! Kouman pou fè pou adousi li?

Fè yon “vinaigrette” ki twò asid sa ka rive ase fasil! Souvan se pase nou mete twòp vinèg. Men, pa gen kesyon jete vinegrèt la oubyen lagel kanmenm sou manje ya. Men kouman pou fè yon « vinaigrette » mwens asid alò. Repons la te ka etonew, pou diminye asidite yon « vinaigrette » ki twò asid se sèvi ak ti kal pen.

Ki jan pou fè sa ?

  1. Pran pati blanch la nan yon tranch pen. (pa sèvi ak arebò a)
  2. Woule li poul tounen yon ti boul nan men ou.
  3. Mete l nan fon bòl vinegrèt la oubyen saladye ya.
  4. Brase vinegrèt la.
  5. Retire ti boul pen yan ak yon kiyè.

Epi tankou ou ka konstatel, kounye a ou adousi « vinaigrette » ou ki te twò fò. Sa senp, rapid ak efikas. Li trè fasil pou diminye asidite a nan kèk segonn, kèlkeswa kalite vinèg ou te itilize: vinèg blan, vinèg diven, vinèg sidr, vinèg balzamik… _Li toujou pi bon pou fè vinegrèt ou pase ou achte tou pare nan makèt.- Ou ka menm prepare li davans epi estoke li nan yon bokal nan frijidè a.

Poukisa sa mache?

Ti boul pen a koupe asidite vinaigrette la. Yon fwa ou metel nan vinegrèt la, ti boul pen yan atire vinèg la epi repouse lwil la. Li absòbe vinèg ki depase ya, ki pèmèt ou rebalanse sòs ou.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.