TKSK: 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

Jedi tansyon.

Tankou nou di li deja ou ka melanje resèt yo lè mwen koumanse baw yo pou plizyè jou, se selon gouw. Mwen eseye varye yo pa pa gen enpresyon se yon medikaman ki ta ka evitew manje ak kè kontan.

MATEN

  • Pran 1 demi bagel ki fèt a gren n antye
  • Ou ka mete yon ti bè nwa sou li
  • Epi 130 gram (1 tàs) Frambwaz ak mûr

NAN PÒZ

  • Manje rès Bagel
  • Mete yon ti manba sou li

A MIDI

  • Yon wrap blan poul
  • Ak salad vèt pou akonpagnman
    Desè manje yon zoranj

ASWÈ

  • Yon ti pat (Pennes) ak vyann
  • Si vant la pata plen premye jou a fèl rive ak ti salad tomat ak konkonm
  • Ou ka fini repa ak yogout o fwi epi 15 à 20 grenn rezen rouj (pa plis)

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: Conseils-infodoc

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

10 Comments

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.