TKSK: Eske se Lachin ki montre Italyen fè pat?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch , jou lejann oubyen verite.

Gen moun ki di : Marco Polo te pote avè li manje ki rele pat yo (espageti, makawoni, vèmisèl elatriye) soti nan peyi Lachin Kòm kwa se ta lachin ki moutre italyen fè pàt. Eske bagay saa se yon lejann oubyen se verite istorik ?

Espageti, makawoni, vèmisèl se la chin ki envante yo ! Eske se vre.
Youn nan lejand manje ki pi popilè di ki jan pat te vini plat nasyonal peyi Itali. Mit la di ke pat yo soti nan Lachin. Epi se eksploratè Venisyen Marco Polo ki te pote yo.

Nou konnen ke Chinwa yo te deja konn manje nouy gen 3000 ane de sa e istwa Marco Polo ta sanble kredib sitou mond Lwès la adopte anpil inovasyon ki soti nan Lachin nan tan Mwayennaj yo.

Men, nan ka pat la, Chinwa yo pa gen anyen pou wè ak sa. Pou pwouve li, nou ka jwenn prèv ke pat te deja egziste nan peyi Itali anvan 1295, ane kote Marco Polo te retounen nan peyi itali apre 20 ane nan ekspedisyon nan Lès la. Gen yon dokiman legal ki date 1279 ki bay lis byen yon sòlda jenwa yo te rele Ponzio Bastone e ladan yo te gen yon panyen makawoni. Tout bagay sanble endike ke, prèske 20 ane anvan retou Marco Polo, enfantri (nèg ki nan lame apye) te konn regilyèman pote pat sèk nan rasyon manje yo.

Foulay Marco Polo a se yon envansyon relativman resan. An 1929, nan yon atik ki te pibliye nan Macaroni Journal, ki nan epòk la te jounal ofisyèl Asosyasyon Pasta Nasyonal Ozetazini, li te dekri kijan yon maren ki soti nan ekipaj Marco Polo te debake nan peyi Lachin e li te rankontre yon bèl jèn fi ki t ap fè ti fil mens sa yo rele nouy la. Maren an konvenk li pou l kite l goute yo epi kite l pran enpe pou l montre bòs li a.

Non maren sa a, nan ka ou poko devine li, se te Spaghetti. Poukisa istwa sa anpil moun gen tandans kwèl? Sou yon bò, li te kapab akòz sous ki te dwe fyab (jounal Asosyasyon Pasta Nasyonal), ta dwe konnen byen orijin pwodwi ke li represante ya (menm si jodi ya nou ka di, sa mountre a klè fake news se pa atè jodi). Lòt pati ki fè lejann lan pran se tou bon jan kalite bèl ti istwa li rakonte ya reyinyon ant yon maren an ak yon jèn fi. Li sanble po pou po yon adaptasyon istwa Sinbad ak kado nouy la ki finalman gen yon gwo valè senbolik tankou pwa majik la.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: amourdecuisine.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.